haitian creole language learning

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-06, 0:47

Patisipe nan projè diksyonè kreyol ayisyen an : http://kreyol.masterches.net/

Mi yon bagay m'trouve enteresan ke W. Vedrine mete nan limyè; nou dwèt enspire nou de istwa sa pou nou ale pli lwen :

************* CreoLIST posting **************
Date: Fri, 03 Mar 2000 02:19:42 GMT
From: "E Vedrine" <log>
Subject: On HC Dictionaries




"TI KòMANTè SOU 'DIKSYONè KREYòL' AK ENTèPRETASYON NATIF"

(E. W. Vedrine)


"An Kreyòl mo kontribisyon an vle di yon biwo leta kote moun al peye enpo
epi kote moun al achte papye tenbre oswa al fè katdidantite (Haitian Creole
Dictionary; Valdman-1981 paj 304). Bonjan mo kreyòl la ta ka kotizasyon, se
mo sa a ki sèvi pou kòb moun ap ranmase pou yon bon kòz". (Lionel Hogu)


Diksyonè Valdman nan (Haitian Creole, English, French Dictionary - 1981) bay
yon sèl definisyon:
"n/n loc. F bureau de Contributions E tax office. M pral nan Kontribisyon, m
pral peye dwa lokatif" (pp. 304). Nan diksyonè Bryant C. Freeman ak Jowel
Laguerre (Haitian - English Dictionary, ed. 1998, pp. 315), men sa yo di sou
mo 'kontribisyon': "tax office, internal revenue service; pledge;
contribution" epi yo ban nou "soutit" (sub entry): ajan kontribisyon (tax
collector); biwo kontribisyon (tax office)"

Pwoblèm Hogu, sèke li jis baze definisyon "kontribisyon" sou sa diksyonè
Valdman nan di ak kèk fi ransèyman li ajoute men ki pa fin nan plas yo olye
li reflechi sou tout semantik mo a (ta ka genyen) epi kisa l gen pou di etan
natif ak sa lot diksyonè ta di tou pou l ta analize yo. Donk la a, si Hogu
ta panse pibliye yon diksyonè kreyòl fò l ta pran koze sa yo an
konsiderasyon; sètadi, nou tout etan natif ki te fè yon pase Pòtoprens
oubyen ki te viv la, nou konnen gen yon gwo bilding leta ki rele
"Kontribisyon" (nan lang kreyòl) ki okipe l de koze enpo elt. Men, ki lòt
fason natif yo itilize mo "kontribisyon" lè y ap pale? Donk, si n ap ekri
yon diksyonE kreyòl men kijan nou ta ka defini mo "kontribisyon":

KONTRIBISYON (1). n.p [non pwòp] Biwo leta ki okipe l de revni entèn, enpo.
Yo se anplwaye Kontribisyon. 2. n. biwo kote moun peye enpo. M pral peye
enpo lokatif la nan Kontribisyon. 2. n. kotizasyon. Yo mande pou chak moun
bay yon kontribisyon pou achte teren an. 3. n. kolaborasyon. Anpil kreyolis
pote kontribisyon pa yo nan lang kreyòl la.

Nan yon ti bout paragraf, Hogu mande moun soulve yon dal pwen. Pòl Dejan di:
"sèl moun ki vrè pwofesè lang kreyòl la se pèp la". Albert Valdman, ak sajès
li nan rechèch leksikografik, repete menm fraz la nan Konferans HAS (Haitian
Studies Association) nan eta Wisconsin (oktòb 1995).

Sou koze diksyonè a, se bagay ki fè m grate tèt mwen lè y ap pale de li.
Bryant C. Freeman ak Jowel Laguerre (F/L) te gen chans pou ta mete yon
bonjan diksyonè deyò nan dezyèm edisyon yo pibliye a (1998) men domaj, nivo
rechèch yo a montre youn nan yo pa ni lengwis ni leksikograf. Se petèt youn
nan rechèch ki pran plis tan pou analize depi "A" jiska "Z" (38,00 antre)
pou analize bazdone pou nenpòt diksyonè. Donk, diksyonè Valdman 1981 (AV81),
toujou rete la kòm sèl kòk chante nan fason rechèch la te fèt ak kijan
ilistrasyon chak kontèks chita nan plas yo. Rayi chen, di dan l blan;
diksyonè F/L la ke m rele yon "leksik avanse sou kreyòl" pito, kouvri plis
valè mo nan lang kreyòl la ke nenpòt diksyonè ki ta pibliye sou kreyòl anvan
Lan 2000 pase F/L itilize yon gwo volim "corpus" ekri, jwenn ak sa yo pran
nan Enstiti Lengwistik Aplike (sou direksyon Pierre Vernet), plis majorite
zèv kreyòl F/L te ka ranmase nan ane 60 yo an kreyòl. Men gwo pwoblèm
diksyonè F/L la se "absans kontèks", "kèk newolojis" ki glise ladan (atravè
koleksyon zèv ekri, kote kèk otè envante yon seri mo natif pa konnen, pa
janm tande), kèk "kreyòl fransize" majorite natif pa janm tande, "varyasyon
dyalektal" ki pa eklèsi...

Sous tout pwoblèm sa yo montre yon seri prensip ki pa respekte nan ekri
diksyonè e ki konkli ke de otè yo pa ni lengwis ni leksikograf men kanmèn,
yo pote yon gwo kontribisyon nan lang kreyòl la pase kèlkeswa diksyonè yon
moun ap ekri kounyeya oubyen rechèch k ap fèt sou diksyonè li enposib pou l
pa ta gen diksyonè F/L la nan corpus li.

Yo te ka amelyore travay la si apre yo te fin trete bazdone a epi yo t al
sou teren an (Ayiti) pou fè yon tès (sètadi teste yon seri mo [ki soti nan
corpus ekri a] ak yon gwoup natif pou wè sa yo konnen byenke l enposib pou
ta konn tout (si n ap antre nan nannan 'etid dyalektolojik') amwenke nou ta
repati ak travay Dominique Fattier a (tèz doktora deta li prezante desanm
1999 sou 20 kominote lengwistik li chwazi, 6 volim tèz); se yon travay ki
pran l 15 lane men se vrèman premye gwo rechèch oral ki fèt sou kreyòl. La
a, pa gen dout pou itilize okenn mo nan rechèch sa a epitou li chwazi elèv
li nan fakilte a (Faculté de Linguistique Appliquée, Université d'Etat
d'Haiti) ki natif natal pou te kondi anrejistreman yo pase li menm li se yon
fransèz.

Donk nenpòt vrè diksyonè kreyòl-kreyòl ou menm yon bonjan bileng ki ta gen
pou soti, fò l ta gen yon reflè teyori ak pratik sa yo (corpus ekri + corpus
oral). Finalman, si n ap pase an revi diksyonè F/L la, nou wè pa gen yon vrè
edisyon (travay final) ki fèt apre yo ta fin monte tout bazdone a; sètadi pa
gen yon triyay final (ki ta sipoze baze sou corpus oral la dekwa pou rejte
kèk leksèm nan corpus ekri a) de "A" - "Z" nan tretman ipèbaz la
(hyperbase), teste tout referans kwazman, sinonim (mo tokay), ak mo aparante
[globalman, "ipewonim"] ("cross reference").

Si n ap fè yon resansman aktyèl, lis diksyonè sou kreyòl aysiyenl rive nan
yon ventèn (enkli kèk leksik) men bonjan kesyon an se: ki pwa yo apre AV81
ki fè yon gwo diferans nan Etid Leksikolojik. Fò n pa janm bliye tou
kontribisyon konpatriyòt Jules Faine (prix de l'academie française) ki mouri
kite yon maniskri diksyonè "Editions Lemeac" (Kanada) met deyò an 1974 kòm
premye diksyonè sou lang kreyòl (gras a devouman e rapidite lengwis kanadyen
Gille Lefebvre) byenke Valdman te okouran rechèch sa a avan men pye kout
pran devan. Malgre Faine konsidere kòm yon filològ pito (pa anpil Lengwis),
men li fè gwo michan travay nan domèn filoloji ak diksyonè kreyòl la epi nou
pa ka bliye defen Pradel Pompilus ki kaze kòd semèn pase (konsidere kòm yon
tòp lengwis Ayisyen dapre Albert Valdman e dapre plizyè lòt kreyolis).

Sa gen kèk mwa depi m te pase an revi yon atik enpòtan Pompilus te prezante
nan yon konferans an Frans (nan ane 70 yo) nan kad "elaborasyon diksyonè
kreyòl" kote mwen wè l ouvè tout yon chemen ide nan yon ti atik dis paj epi
de tèz li prezante nan "Sorbonne" ("La langue française en Haiti" Université
de Paris pibliye an 1961 [278 p.]; "Lexique du patois créole d'Haiti" (246
p, inédit) Thèse complémentaire présentée à la Facultée des Lettres de
l'Université de Paris en vue de l'obtention du titre de 'Docteur ès
Lettres', sous la direction du professeur. G. Gougenheim' ) pou tèz doktora
l gen anpil valè, anpil pwa pou kreyolis ki nan domèn leksikografik la.

Kesyon diksyonè a rete yon "travay an sispan", yon bwalong toujou nan kad
"pi bon diksyonè" (sou tout fòm) malgre mwen konnen gen anpil travay sipriz
ki nan wout, travay ki pa janm mansyone men an gwo travay diksyonè a se yon
travay san bout ki mande bonjan konesans ak rechèch nan domèn sa a plis
metodoloji pou aplike yo.

(E. W. Vedrine)

User avatar
Sisyphe
Posts:2891
Joined:2006-05-24, 20:29
Location:Los Angeles
Country:USUnited States (United States)
Contact:

Postby Sisyphe » 2007-04-06, 2:27

Bonjou Masterches! :D
M renmen anpil ide'w de fè diksyone sa a. Men pwòblem nan, sa se nan tout ki'm konnen, pa gen Ayisyen isit ki vini de Ayiti. Mwen se lòt Ayisyen ki poste isit, men malerèzman m te janm viv nan Ayiti menm. En passant, on dirait 'dyaspore la' et pas 'la dyaspore' - w'kon panse nan franse, wi? :P M ositou interese nan lòt kreyòl la, men lòt pwòblem sak m te panse, se 'èskè gen youn systèm de òtògraf etandard pou lòt kreyòl la? :? Kreyòl ayisyen menm pa gen youn systèm de òtògraf sak itilize pa tout Ayisyen - se de rezonab pou nou kwè òtògraf Gwadloup, Reyinyon, etc. se plis òganize ki kreyòl nou, malerèzman... Se nou pral ka jwenn plis moun pou ede nou nan pwòjet sa a, li vini setènman youn siksè. M a wè kisa m ka fè pou kontribye nan pwòjet sa a.

EDIT: Nan site w, m te wè yon fòt nan pati angle a - li sanse di "There are currently 47 definitions." actuellement≠actually; actuellement=currently. ;)
Actively learning: ImageImageOn the back burner but in love with:ImageImage A life-long endeavor: Image

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-06, 3:08

Mèsi Sisyphe pou lekti ou fè a.
Mwen te ka poze menm jan de kesyon epi m twouve yon bel repons ... fò mwen te chache anpil, fò mwen rasanble tout enfomasyon ki divès epi varye si entènèt pou mwen ta pe rekonpoze kreyol ayisyen an ...
Kreyol pa nou an, se pa kreyol Dom-Tom, sa pa menm bagay ... premye repiblik nèg, non, nou pa genyen menm pale a, nou pa genyen menm melodi nan vwa.
Lè m ka li pwèt antiyè, i sanble m ka li yon fransè ki mal otografye e sa fè m mal, paske a pa te kreyol la sa mwen te konnen lè m te ti moun leve Ayiti, i pa te sanble ak franse kon sa, moun pa te ka bat djol yo kon sa pou yo te sa eksprime yo ...

Ni de bagay mwen bliye (ou fèm remake li epi "la dyaspora" pito ke "dyaspora a/la" ), m'ap fè tout efò m pou m pe sa retwouve yon pale natif natal e pwojè sa a ap ede m anpil.
Mwen gade nan divès andwa pou twouve yon gramè si entènèt, tout sa m twouve pa te ka koresponn gramè kreyol ayisyen; yo te make ke sete gramè kreyol ayisyen, mè pou mwen sa pa te kreyol gramè ayisyen, sa te yon gramè fransize, denatire, ki pa te genyen pyès orijinalite. Lè mwen wè otè renonmen kap ekri "ça qu' moi fait la" pou "sak mwen pral fè la" sa ka choke m anpil anpil. E se de moun renonmen kon sa kap deklare kreyol karayib la ...san Ayiti pa patisipe.

Se pa paske nou pov ke nou ni pou blye nou te premye nasyon nwwè, premye nan karayib nan, nou te lidè, nou genyen fyèl.
Si ou byen li post presedan an, wap konprann ke nou genyen yon espwa (teks Vedrine nan ). Gade nan pati "Gramè kreyol" si http://kreyol.masterches.net/ e gade byen pati anlè 3 prensip fondatè pou Kreyol ayisyen an ak son kap tou tan ekrin menm jan an (adan atik la, ni yon lis konplèt de tout son kreyol ayisyen an)

Si ofisyèl pa bouje pou nou mete kreyol la si entènèt pou tout moun, fok nou bouje nou menm.

Mwen apresye anlo W. Vedrine, misye sanble fè yon lo bagay pou montre moun ke kreyol ayisyen, se yon kreyol natif natal e pa yon kreyol franse ou angle ou panyol.

Mèsi pou kontribisyon ou.
(mwen chanje "actually" an ;-) )

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-06, 3:36

http://Kreyol.masterches.net

Ki sa nou pepanse de yon kapes Kreyol si se yon kapes kreyol DOM, pa menm Tom piske Reynyon pa te kal aksepte l ...
Kote Ayiti pase ?
Kote wòl Ayiti jwe nan enstitisyon de yon konkou nan lang kreyol ? Pyès kote ...
Li tan pou lang Kreyol ayisyen pran plas li ...
An nou mete gramè sa an plas, an nou mete kreyol ayisyen nan pla li te dwèt ye a ...
Si yo te di "Kapes Kreyol Dom-Tom" an te ke konprann mè se "Kapès kreyol", kon si lite rasanble tout kreyol nan karayib lan ... Ayiti pa te ni vwa ?
Bagay la grav anpil.


Code: Select all

Capes Kreyol swa disan, men san Ayiti

Pétition

Non à la dénaturation du
C.A.P.E.S de créole !

Juin 2006

En l’an 2000, à la suite d’une intense campagne de mobilisation de divers acteurs de la cause créole à la Martinique (le GEREC-F, Bannzil Kréyol etc.), ceci avec le soutien du «Mouvement pour le Respect de l’Identité Culturelle Réunionnaise», le ministère de l’Education Nationale, sous la houlette de Jack Lang décidait, enfin, de créer un CAPES de créole, à l’instar de celui existant depuis plus de quinze ans pour les autres langues régionales. A cette époque, de nombreuses voix se sont élevées, notamment à la Réunion et en Guadeloupe, pour affirmer publiquement la non nécessité d’un tel concours, puis, se rendant compte que celui serait bel et bien mis sur pied, grâce au soutien massif des députés et sénateurs des DOM, certains ont cherché à l’étouffer dans l’œuf en proposant d’en faire une simple valence au C.A.P.E.S de Lettres Modernes. Fort heureusement, le Ministère suivit la position des créolistes martiniquais qui réclamaient un C.A.P.E.S à part entière avec au moins 5 valences: lettres modernes; anglais; espagnol; histoire; géographie.

Il s’avère que par la suite, et pour des raisons sur lesquelles, il est inutile de revenir, le jury du C.A.P.E.S de créole fut composé, depuis la première année de son existence par des personnes qui s’étaient soient opposés, par voix de presse, à la création de ce concours soit ne s’étaient aucunement battus pour que celui-ci soit institué. En dépit de cette situation pour le moins ubuesque, le C.A.P.E.S de créole entre dans sa 5è année d’existence et chaque année 8, puis désormais 4 certifiés sont recrutés. Nous ne reviendrons pas non plus sur les nombreuses irrégularités qui ont marqué depuis lors le fonctionnement de ce jury qui jusqu’à cette année n’était composé d’aucun membre de la 73è section du CNU, celle des «Langues et cultures régionales». Puisque par définition, un jury n’est pas éternel, nous comptions que les choses s’arrangeraient avec le temps, par le remplacement progressif de celui-ci. Or, ne voilà-t-il pas que nous venons d’apprendre que certains d’entre eux cherchent à saborder le navire, se sachant, dès l’année prochaine, hors jeu.
EN QUOI CONSISTE CE PROJET DE SABORDAGE ?

A tout simplement supprimer le C.A.P.E.S de créole dans sa forme actuelle et à revenir au vieux projet de «valence créole au C.A.P.E.S de Lettres Modernes» que nous avions cru, à tort apparemment, mort de sa belle mort. Motif avancé: le Ministère, qui est passé de 8 postes au début à 4 postes offerts au concours aujourd’hui, finira un jour par supprimer le C.A.P.E.S de créole comme il l’a fait pour d’autres langues dites rares. IL S’AGIT LA D’UN ARGUMENT FALLACIEUX DONT L’OBJECTIF REEL EST DE MINIMISER LA PLACE DU CREOLE DANS NOTRE SYSTEME D’ENSEIGNEMENT EN LE TRANSFORMANT EN UN SIMPLE APPENDICE D’UNE AUTRE DISCIPLINE.
Un tel projet est inacceptable!

Inacceptable au plan pédagogique. Inacceptable au plan culturel. Inacceptable au plan politique. Le C.A.P.E.S de créole fait, en effet, partie des réparations qui sont dues à nos peuples suite aux trois siècles d’esclavage et comme tel ne saurait être remis en cause. Il a obtenu, rappelons-le, l’assentiment de tous nos élus politiques de quelque bord qu’ils soient et une poignée d’individus, aux motivations obscures, ne saurait se croire autorisée à en modifier ni la forme ni le contenu.
NOUS N’ACCEPTERONS AUCUNE DENATURATION DU C.A.P.E.S DE CREOLE !

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-06, 6:35

Ni telman restriksyon nan deplwaman kreyol ayisyen an, menm aktè nan dyaspora a ka pran benefis endividyèl nan difizyon kilti lang la ... Mwen pa jwen pyès kote yon diksyonè an liy, lè m fouye fouye, mwen twouve leksik sa a ... deja moun pa wè l, an plis mi yon papa copyright an lè de twa ti definisyon (2000) ki pa fèt tout nan bon kreyòl ayisyen.
Nou ja pa ni reyonnman entènasyonal, kreyol nou afebli, si an plis yo ta vle mete presyon nan itilizasyon li ...
Mwen konstate ke yap ekri anpil mo epi "sh" olye "CH" epi ou ta di yo te fè li vit vit ... M'ap enspire sa yo fè pou devlope yon vrè bagay pou tout moun ki ta vle konnèt kreyol ayisyen an, san kopirayt ...

Kreyòl
http://hometown.aol.com/definisyon/Definisyon.html

Tout definisyon ou ap ale gade yo kole avèk Pwogram Diksyonè a - AYITI AN KREYÒL / DIKSYONÈ A e pwogram sa a anrejistre nan United States Copyright Office. Tout demand pou repwodiksyon fèt pou yo ale nan adrès ki nan finisman paj sa a.


Jan Wyclef Jean di : Yele, n'ap rive ! (www.yele.org)

User avatar
Sisyphe
Posts:2891
Joined:2006-05-24, 20:29
Location:Los Angeles
Country:USUnited States (United States)
Contact:

Postby Sisyphe » 2007-04-06, 17:39

Ok, alò...kisa w vlè nou fè pou ede'w nan pwòjet sa a? ;)
Actively learning: ImageImageOn the back burner but in love with:ImageImage A life-long endeavor: Image

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-06, 21:43

Bonjou,

mèsi pou pwopozisyon ou.
Mwen ta renmen nou rasanble tout enfomasyon lengwistik oubyen ki ap ede ekri yon konpil règ kap reji gramè kreyol d'Ayiti oubyen tout definisyon nap twouve ki dwèt ni plas li nan yon diksyonè kreyol ayisyen.

Mwen ouvè sijè la nan yon Wiki paj : http://kreyol.masterches.net/ nan "Gramè" (lien : http://kreyol.masterches.net/modules/wiwimod/index.php?page=Gram%E8&back=wiwihome

Pou nou pe sa konplete ak korije wiki sa a, klike anlè "Compte" (http://kreyol.masterches.net/user.php) e enskri w.
M'ap valide l. Nou ke pe edite epi modifye konteni wiki a. Mwen twouve tou yon list mo ki bizwen defini nan mem paj wiki a nan ribrik "kreyol" ([url]http://kreyol.masterches.net/modules/wiwimod/index.php?page=kreyol&back=Gramè[/url])

Pou nou sa ajoute yon definisyon : klike anlè "proposer ue definition" (http://kreyol.masterches.net/modules/dictionary/submit.php)
Si nou trape kèk pwoblem, di mwen l nan post sa a.

Pou nou pe sa korije yon definisyon an, mete l nan wiki "kreyol" an, ou byen mete yon komantè nan definisyon mo ou tap vle modifye an.

Mèsi anpil.

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-16, 6:21

M ka konfime sa w ap di a:

Fredi : N. ak Adj. Pou moun ak bagay.Fredi, Yon gwo chanjman nan tanperati yon zòn kote nivo tanperati a kapab desann pi ba ki nòmalman. Lè gen fredi moun oblije abiye epi plizyè rad pou kenbe kò yo cho.[i]Mwen te trape yon ti kout fredi semèn dènye a, lè'm t'ap koze nan lari a.


Fredi -->reaksyon kò w lè'l Fwèt
"Trape fredi" : tanperati kò a w desann ti gout
"Tan la fredi" : vini fwèt, tanperati a desann
Tranble -->reaksyon pi jeneral

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-19, 4:31

Nouvoté anlè twèl la :

Diksyonè a miyò : http://www.masterches.net/diksyone

Diksyonè
<>Kreyòl_Kreyòl
<>Non pwòp
<>Gramè

Kilti ak edikasyon
<>Pwovèb
<Pwezi>
<Matematik>

Forum
-->Yon foròm de diskisyon anlè se chapit sa yo

Mèsi anpil pou tout kontribisyon nou, ede m etabli bagay sa a, ede m.

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-23, 15:59

http://www.masterches.net/diksyone/


The dictionary has been updated and has a new skin and a brand new forum is associated for enhancing contributions.

Features :
Encyclopedia part :
-Dictionary kreyol-kreyol (creole-creole)
(with translation in other languages, synonyms, sources, references, search field)
-Non Pwòp, istwa, teknik
-Pwovèb, proverbs
-Literati, kont kreyol pwezi ak lèt : litterature, native stories poetry and letters
-Lengwistik, gramè : linguistic, grammary (wiki mode)
-Matematik

Site part :
-Wiki : for lengwistik and grammary part and other acute news(http://www.masterches.net/diksyone/wiki_niouz)
-Forum : for contribs and discussions part (http://www.masterches.net/diksyone/forum)


Thanks a lot for all your contributions, other parts can be added to this project.

N'ap rive mezanmi!

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Google Ayisyen / kontribisyon

Postby masterches » 2007-04-24, 21:03

http://services.google.com/tcbin/tc.py

Nou kapab genyen yon entèfas pou Google nan kreyòl ayisyen.
Yo mande nou sèlman traduy kèk fraz de angle nan kreyol ayisyen an.
Li manke 2631 tradiksyon, nou a 28% nan tradiksyon an.

Fè mesaj sa a pase nan tout lyen nou pou pwojè google sa a devlope anpil. Sa ke yon premye viktwa pou lang kreyol ayisyen an ke de paret nan Google.

Kontribiye mezanmi, nou genyen pou travay ansanm.

Fouye : "Google in your language" oubyen
http://services.google.com/tcbin/tc.py

Enskri nou e patisipe.

A pliziè nou kapab fè anpil pou kreyòl natif natal nou an.


The project "Google in your language"
http://services.google.com/tcbin/tc.py
requests some translations for haitian creole, so we need contributions from all around the world in order to process to achieve this project.

We ask for all contributions, follow this link and sign in for translating some sentences ( 28%).

---------------------------------------------------
Google in Your Language

Haitian Creole Google Main Search Site (100% complete) *
Groups Beta (28% complete)
User Distributed Search (xlb) (100% complete)
New/Edit Translations for Groups Beta

For Haitian Creole, you can translate new messages or edit existing translations.
Please select which you would like to do:

* Edit existing translations
* Edit your previously submitted translations
* Translate new messages (2631 messages left to do)

Other links:

* Discussion group for Google translators

----------------------------------------------------------
Links :
Haiti-Retrouvée
Haitian creole group translators
Haitian Encyclopaedia
Wiki Grammary - Linguistic

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Postby masterches » 2007-04-27, 16:35

Diksyonè a genyen 5940 antre alè kile.

http://www.masterches.net/diksyone/
Bagay nèf yo :

-Anpil mo kap tradywi : 1166 kounye a

-Diksyonè a genyen yon antre [Angle]<-->[Kreyòl Ayisyen] epi 4570 tradiksyon.

-Yon diksyonè Matematik ak teknoloji : fòmil Latex yo poko gen entèpretasyon nan diksyonè a

-Yon diksyonè la : penti, atis

-Yon diksyonè pwovèb ak entèpretasyon yo : 114 antre (lè sa posib)

-Yon antre pou Konstitisyon an nan lang pa nou an

-Yon debi diksyonè jiridik franse-Kreyòl Ayisyen.

-Yon foròm pou nou diskite de chak mo, de chak antre, pwopozisyon, ide nou, tèks ak atik

-Yon seksyon Gramè epi Wiki : tout moun genyen pou patisipe nan ekriti atik lengwistik sa a e pwopoze yon etid pal.


Tout kontribisyon ki genyen kopirayt yo, n'ap mete koutwazi ba yo, sous enfòmasyon an, ou byen ekri menm enfòmasyon an nan kap nou an.

Tout kontribisyon nou ap fè pwojè a ale pli douvan.

N'ap rive mezanmi, n'ap rive !

http://www.masterches.net/diksyone/

lyric
Posts:141
Joined:2007-05-13, 12:09
Gender:female
Location:none

Words of encouragement

Postby lyric » 2007-06-06, 12:36

Hello Haïtian Créole speakers,

Your help is needed to complete the list of words of encouragement: http://home.unilang.org/wiki3/index.php ... ouragement

i.e. words you say to yourself or others when trying to accomplish a hard task,
like for example learning a new language :wink:.

Examples: "You can make it.", "Go-ahead! ", "Go!"

How do you say in Haïtian Créole?

(When possible in original lettering and English transcription)

Thanks,
Lyric

User avatar
Sisyphe
Posts:2891
Joined:2006-05-24, 20:29
Location:Los Angeles
Country:USUnited States (United States)
Contact:

Postby Sisyphe » 2007-06-06, 15:38

We prefer to use 'to do' in words of encouragement. I would say...
w ka fè sa! - you can do it (lit. you+can+do+that[or this])
fè sa! - go ahead, do it (do+that[or this])
annou fè sa! - let's do it(to-us+do+that[or this])
Actively learning: ImageImageOn the back burner but in love with:ImageImage A life-long endeavor: Image

lyric
Posts:141
Joined:2007-05-13, 12:09
Gender:female
Location:none

Postby lyric » 2007-06-06, 16:32

Thanks Sisyphe,

Sisyphe wrote:We prefer to use 'to do' in words of encouragement. I would say...
w ka fè sa! - you can do it (lit. you+can+do+that[or this])
fè sa! - go ahead, do it (do+that[or this])
annou fè sa! - let's do it(to-us+do+that[or this])


I'll add your words and their literal translations to the wiki.

Cheers,
Lyric

masterches
Posts:13
Joined:2007-04-05, 22:57
Real Name:masterches
Gender:male
Location:FR
Country:FRFrance (France)
Contact:

Kontribisyon nou nan pwojè Kreyòl Ayisyen

Postby masterches » 2007-08-16, 13:31

bonjou,

Nap travay sou plizyè manman pwojè, nou bezwen kèk èd pou devlope yo ( ansiklopedi, diksyonè, gramè, lengwistik, edikasyon, inivèsite, lekòl, la, kilti, syans, teknoloji, istwa, Google pou Haiti ...etc).

li rete yon pwoblèm fondamantal : kote kreyòl natif natal ye ? kreyòl nou an rete nan bouch nou, tout moun pa genyen posibilite retounen bô kote rasin li ( liv chè, diksyonè yo pa detaye oubyen genyen pwoblèm verite : gade atik sa a e di mwen si nou dakò epi li , yon ekstrè "« Mté-fin déjà pale lors li té danse »" ( http://fr.wikipedia.org/wiki/Cr%C3%A9ole_ha%C3%AFtien ), mwen ki ayisyen mpa konprann pou ki moun yap pale, paske m pa konprann ekriti epi langaj sa a, a pa kreyol natif natal mwen an ("m te fèk fini pale lè li te mete li ap danse", men kreyol mwen an, men konsa mwen ta di fraz sa a) li repertorye poutan nan "creole haitien", yo te dwèt make plito "creole ke Ayisyen an ap pale lè li ta renmen pale bèl fransè kolon an ... ", sa te pli proch de sa ki ekri nan atik yo ekri a) )

chay la tèlman lou, li sanble ke li difisil twouve envestisman nan elaborasyon nimerik de kreyòl ayisyen an.
mwen te koumanse kèk pwojè bò kote'm, men chay la two lou poukont ou.
li dwèt yon travay pou tout moun.mwen menm ap rann mwen kont ke'm ka fè anpil fòt kreyòl lè map ekri ak pale. Mwen ta renmen repoze lespri'm epi yon gramè aksepte pa tout ayisyen yo.

mwen twouve kèk gwo pwojè ki bezwen anpil moun pou patisipe nan yo :

*Google for haiti : http://www.google.ht
li rete 50 000 mo ak ekspresyon pou tradui pou li pe sa pase nan lang kreyòl ayiti

mo mwen te mande nou ede'm fè pati de 50 000 ekspresyon ki manke gougèl pou li voye nou yon entèfas kreyòl, premye motè fouye pou ayiti, sa te yon bèl bagay pou devlopman li ( tout zouti antrepriz, trètman birotik, blog, gwoup ta nan kreyòl ayisyen ).
( enskrin nou nan : https://www.google.com/accounts/ServiceLogin?service=transconsole&passive=true&nui=1&continue=http%3A%2F%2Fwww.google.com%3A80%2Ftransconsole&followup=http%3A%2F%2Fwww.google.com%3A80%2Ftransconsole

*Wikipedya kreyòl ayisyen : http://ht.wikipedia.org, ansiklopedi lib pou devlope lang kreyòl d ayiti, enfòmasyon sou peyi nou an, politik, kilti, istwa, edikasyon, fiti, syans ...tout moun kapab bay yon lanmen

li genyen tou yon diksyonè kap devlope aktyèlman ( Wiksyonè ) : http://incubator.wikimedia.org/wiki/wikt/ht
li en vèsyon "bêta", fòk nou kontribiye nan li.

li genyen anpil ekstansyon nou kapab ize pou devlope yon entèfas nimerik pou kreyòl ayisyen an : Wikiversity ( inivèsite nimerik, edikasyon pou jèn ttimoun, video, son, imaj, diskite, enfòmatik, medya, jounal, syans, teknoloji, nou kapab telechaje epi mete dokiman pou moun kapab dispose de yo ... )

mwen ta renmen nou devlope yon entèfas lengwistik pou nou pe sa mete nou tout dakò.

* pajwèb mwen menm : http://ww.masterches.net/diksyone
li regwoupe kèk lide mwen reprann nan post mwen yo.

* epi lengwis kap bataye sou mannyè pou nou ekri kreyòl

tout kontribisyon nou an ke yon pa an avan pou peyi d Ayiti, an nou travay ansanm, fè mesaj sa a deplase montay, fè lantou latè, vini douvan zye tout ayisyen.


Mwen ta renmen ke tout moun ki ta vle patisipe nan manman pwojè sa yo kapab reyini ( mail ) pou nou pe sa kominike difikilte tèknik nou genyen.
nou pe lese adrès nou anba repons nou an. oubyen pwopose kontribisyon nou.

nou kapab jwenn mwen nan : chesmaster@gmail.com

voye tout moun nou konnen pou pwojè sa yo kapab genyen enpòtans, ban nou espwa.

pimpoapo
Posts:148
Joined:2008-03-23, 20:30
Real Name:Attila Veres
Gender:male
Location:London
Country:GBUnited Kingdom (United Kingdom)
Contact:

Owl and the Pussy-cat - to be translated into Haïtian Créole

Postby pimpoapo » 2008-04-01, 14:50

Hi,

I'm looking for a translation of the Owl and the Pussy-cat by Edward Lear on behalf of my friend who is making a collection of this poem in as many languages as he can, just for fun. He's 97-year-old and this hobby gives him a great pleasure.

The Owl and the Pussy-cat

I

The Owl and the Pussy-cat went to sea
In a beautiful pea green boat,
They took some honey, and plenty of money,
Wrapped up in a five pound note.
The Owl looked up to the stars above,
And sang to a small guitar,
'O lovely Pussy! O Pussy my love,
What a beautiful Pussy you are,
You are,
You are!
What a beautiful Pussy you are!'

II

Pussy said to the Owl, 'You elegant fowl!
How charmingly sweet you sing!
O let us be married! too long we have tarried:
But what shall we do for a ring?'
They sailed away, for a year and a day,
To the land where the Bong-tree grows
And there in a wood a Piggy-wig stood
With a ring at the end of his nose,
His nose,
His nose,
With a ring at the end of his nose.

III

'Dear pig, are you willing to sell for one shilling
Your ring?' Said the Piggy, 'I will.'
So they took it away, and were married next day
By the Turkey who lives on the hill.
They dined on mince, and slices of quince,
Which they ate with a runcible spoon;
And hand in hand, on the edge of the sand,
They danced by the light of the moon,
The moon,
The moon,
They danced by the light of the moon.


He started about a year ago and we managed to get it in more than 40 languages so far. Because we are running out of resources I decided to ask help from communities who dedicated to different languages.
It doesn't need to be a professional translation.

Here's a website that I started to set up to share all the translations that we've got so far. Some of them was made by poets but most of them just by friends or people who we run into in different places (waiters of the local restaurant, nurses from hospital, etc). They did the best they could and they just did it for fun and because they wanted to add their own language to this collection.

http://www.bompa.org

Here is the list of the languages that we've got so far (01/04/2008):

Afrikaans, Basque, Bulgarian, Catalan, Chinese, Danish, Dutch, Esperanto, Estonian, Finnish, French, Frisian, German, Greek, Hebrew, Hungarian, Italian, Irish Gaelic, Korean, Kyrgyz, Latin, Lithuanian, Macedonian, Malagasy, Norvegian Bokmål, Norwegian Nynorsk, Polish, Portuguese, Portuguese (Brazilian), Romanian, Russian, Slovenian, Spanish, Swedish, Tagalog (Pilipino), Thai, Turkish, Welsh

If you could translate it into Haïtian Créole that would be a great help for us.
For exchange I always mention who did the translation at the end of the poem and if you wish it can be linked to your website or email address.

Thanks again for anyone who will help us.

-=Pimpoapo=-

papada
Posts:6
Joined:2009-02-18, 1:02
Real Name:Pao Daxon
Gender:male
Location:Santa cruz
Country:ARArgentina (Argentina)

kreyòl

Postby papada » 2009-02-18, 2:26

Men yon bon sit pou tout moun ki vle aprann kreyòl.
http://kreyolayisyen.9ix.net

geonames
Posts:73
Joined:2008-01-04, 6:00
Real Name:Werner Fröhlich
Gender:male
Location: Düsseldorf
Country:DEGermany (Deutschland)
Contact:

Translation of small text

Postby geonames » 2009-04-04, 17:32

Hi all,

I'm running a website about (mostly) geographical names in several languages ( http://www.geonames.de ) and am looking for a translation of the introduction phrase into Haitian Creole:

"The countries of the world in their own languages and scripts; with official names, capitals, flags, coats of arms, administrative divisions, national anthems, and translations of the countries and capitals into many languages"

Thank you all in advance and enjoy your weekend, or what's left of it.
Werner
my website: http://www.geonames.de
Gib mir die Kraft Dinge zu ändern, die ich ändern kann; die Gelassenheit Dinge zu akzeptieren, die ich nicht ändern kann; und die Weisheit den Unterschied zu erkennen.

pimpoapo
Posts:148
Joined:2008-03-23, 20:30
Real Name:Attila Veres
Gender:male
Location:London
Country:GBUnited Kingdom (United Kingdom)
Contact:

Re: Owl and the Pussy-cat - to be translated into Haïtian Créole

Postby pimpoapo » 2009-07-19, 17:22

Hi,

I'm just checking if is there any new member who might would be able to help with this translation...? :)


Return to “Creoles and Pidgins”

Who is online

Users browsing this forum: No registered users and 5 guests